MANIFÈS VODOURAP

Mouvman sa kreye: 18 Novanm 2024

Lansman Ofisyèl: 24 Avril 2025

Manifès ekri: 28 Out 2025

 Yon mouvman. Yon memwa. Yon Aklamasyon.

VodouRap se pa selman mizik.
Se yon mouvman kiltirèl ki mare rasin Hip-Hop ak eritaj sakre pèp Ayisyen an.

Se maryaj modènite ak tradisyon, se espirityalite ak kreyativite ki rankontre, se pawòl vivan ak batman ki fè latè  tranble.

Nou sèvi ak ritman, pawòl, ak prezans pou rakonte lavi nou, istwa nou, lafwa nou san pèdi sa ki fè nou, nou.

Nou di fò:
Antanke Ayisyen, nou gen dwa viv, eksprime tèt nou, epi mache nan vwayaj lavi a san yo pa efase rasin nou.

🔥 VodouRap pa sèlman mizik:

✅ Li se yon Aklamasyon
✅ Li se yon Revandikasyon
✅ Li se yon Rezistans
✅ Li se yon Rekoneksyon ak Rasin Nou Yo

🎯 Misyon Nou

Reklame Idantite Nou
Nou se Ayisyen. Nou pa imitasyon. Nou pote limyè sou valè nou, tradisyon nou, epi nou fè yo briye atravè atizay.

Onore Zansèt Nou Yo
Chak pawòl, chak batman, chak mouvman se yon dyalòg ak zansèt yo. San yo, pa gen nou.

Edike Jenès La
Nou sèvi ak mizik ak pawòl pou louvri lespri jenerasyon k ap vini yo.
Nou pa sèlman chante pou fè moun danse nou chante pou konstwi.

Konbat Estigma Yo pandan n ap Amize
Nou chanje naratif sou Vodou, sou Ayiti, sou pèp nou.
Nou kraze prejije pandan nou fè moun danse, souke tèt, epi reflechi.

🌍 Vizyon Nou

VodouRap vize bati yon platfòm entènasyonal pou mizik ak kilti ayisyen.
Nou pral kreye festival, atelye, ak espas fòmasyon pou jenès la.
Nou kwè nan ekonomi kreyatif kòm zouti pou devlopman kominote a, epi nou vize pote VodouRap sou sèn mondyal pou Ayiti briye kòm limyè, pa kòm lonbraj.

🕊️ Dimansyon Espirityèl

VodouRap pote limyè Vodou a kòm enspirasyon, pa kòm esklizyon.
Li se sous fòs, ki mache sou lekilib, lòd, ak amoni.

💡 Valè Nou Yo

  • Respè

  • Kreyativite

  • Inite

  • Konbit

  • Laverite

📢 Aksyon

Rantre nan mouvman an. Pa rete gade. Vin leve vwa w.
Pote pawòl ou, enèji ou, rasin ou.
VodouRap se nou tout ansanm.

VodouRap se enèji. Se revolisyon. Se limyè ki sòti nan rasin yo pou klere avni an.